

Bienvenue
au Mariage de
Jasmine T aïna & Josué
Ritz kinam II



SAVE THE DATE
18 . 12 . 21

Faire-Part
"Il suffit parfois d' un regard pour rencontrer quelqu'un qui nous marquera à jamais"
Jasmine Taïna Sydney et Josué Joseph ont la joie de vous convier à leur mariage le samedi 18 décembre 2021 au Ritz Kinam II, Pétion-ville
Parce que pour nous c' est important, Nous nous marions; c'est sous vos applaudissements que nous souhaitons nous envoler vers ce beau voyage.
Merci pour votre présence .

Josué Joseph
Anpil fwa nan vi a ap gen des moments kote ke wap gen pou w pran des decisions. Genyen kap pi enpòtan pase lòt, genyen kap mande refleksyon pase lòt. Youn nan desizyon mwen estime ki pi enpòtan epi ki mande refleksyon se desizyon pou w marye ak yon moun kote ke w pral gen pou w fè yon ve a moun sa pou w pase tout rès lavi w bò kote l.
Depi lè m te kwaze w Jasmine e aprè le temps te fini par pemèt ke mwen ak ou nou renmen m te konnen ke m tap gen pou m pran yon desizyon konsa. Desizyon pou nou fòme yon fwaye e viv lavi nou youn bò kote lòt jiskaske lanmò separe nou. Kidonk, desizyon pou nou marye.
Fason w rive konprann mwen ak tanperaman difisil mwen genyen, pou janm te konn ap obsève fason w te konn pran swen papa w, pou jan m te konn ap obsève jan w renmen moun e jan moun renmen lè yo bò kote w, pou jan m te konn ap obsève fason w renmen etid ou, e pou jan m te konn ap obsève fason ke w vle reyisi nan tout sa w antreprann e pou jan finalman w demontre gwo respè, admirasyon ak lanmou pou mwen malgre difikilte nou rankontre pandan peryòd frekantasyon nou te pouse m pran desizyon pou m marye ak ou.
18 desanm 2021 kap rive la ap yon jou inoubliyab nan istwa lanmou nou, paske devan Bondye ak lèzòm nou pral fè yon ve sakre kote nou youn pral pwomèt lòt pou nou youn kontinye renmen lòt ak tout kè l.
Mwen pwomèt ou chérie pou m toujou renmen w, pou m pran swen w e toujou la nan bon ak move moman yo jiskaske lanmò separe nou.
Mwen renmen w chérie ❤️
Josué JOSEPH
Jasmine T aïna Sydney
Lè m te fèk rankontre w mpat panse ou ta pral fè tout chanjman sa yo nan lavi m. Sa te komanse ak yon senp rega e apre vin genyen echanj sms elatriye. Se nan moman sa yo mwen te vin tonbe sou cham ou , bèl pawol ki mache ak bon aksyon ou te konn poze te fèm krake.
Jodi a nou sou wout pou nou ini nou pou la vi. Mwen pa konn ak ki santiman pou m dekri nan ki pwen mwen santi m erez paske mpral gen posibilite poum pataje vim ak ou pou toutan.
Jose mon bb d’amour ou deja konnen nan ki pwen mwen renmen w., Mwen swete pou JEWOVA toujou kontinye gide nou, pwoteje nou epi akonpaye nou nan vwayaj long sa. Sa pat toujou fasil men avèk matire , lanmou ak tandrès nou te rive travèse tout difikilte nou yo.
Mwen Jasmine, mwen pwomèt ou pou m tj renmen w , cheriw, gatew, trete w ak respè.
Se vre nou enpafè men gras ak èd Jewova mwen pwomèt ou map kontinye fè efo chak jou ki pase pou m vin yon pi bon moun pou ou, poum vin yon pi bon mandanm, yon fanm kapab ke yo pale nan pwovèb 31 an! Mèsi pou tout sa w reprezante nan lavi m, ou konble m ak prezans ou, ou akonpli sa mwen te panse ki enposib, ou se youn nan bèl kado lavi depoze sou chimen m.
Bb, cheri mwen renmen w anpil, lanmou m pou ou san limit !
Jasmine Taïna SYDNEY

Les Temoins
Patricia FRANÇOIS et Sinvil Marc ROSAN
Semeuses de pétales
Acceuil
Stéphanie Fevry Dieuseul Ylva
Nehemie luz GEORGES
Leïssa PYRAM
Filles et Garçons d'honneurs
Verlie Gaïtano et Sammy Pascal Gay
Evodie Sydney et Limque Joseph
Wisline Joseph Germain et Jean Iderson Germain
Manoucheca Pierre louis et Ricardo Pierre
Angelie Desroses et Shadrack Sydney
Annonceuse
Esther HOGRACE
Protocoles
Irma Montreuil Jean
Jovalcia Augustin
Les Temoins
Patricia FRANÇOIS et Sinvil Marc ROSAN
Semeuses de pétales
Acceuil
Stéphanie Fevry Dieuseul Ylva
Nehemie luz GEORGES
Leïssa PYRAM
Filles et Garçons d'honneurs
Verlie Gaïtano et Sammy Pascal Gay
Evodie Sydney et Limque Joseph
Wisline Joseph Germain et Jean Iderson Germain
Manoucheca Pierre louis et Ricardo Pierre
Angelie Desroses et Shadrack Sydney
Annonceuse
Esther HOGRACE
Protocoles
Irma Montreuil Jean
Jovalcia Augustin